Enskri nan yon Plan Sante

Fason pou’w anwole

Online Otomatik System Telefòn (louvri 24/7) Rele *Si ou pa gen enfòmasyon sa, ou ka kontakte Depatman Timoun ak Fanmi.

Ki moun ki ka enskri nan Swen Kontwole Medicaid (SMMC) - Pwogram Asistans Medikal Kontwole?

  1. Benefisye a Volonte:

    Gen kèk benefisye de Medicaid ki pa oblije enskri nan yon plan MMA, men ka chwazi pou enskri si yo satisfè tout lòt kondisyon enskripsyon yo.

  2. Benefisye Obligatwa:

    Gen kèk manm Medicaid ki pral resevwa direksyon ke yo dwe enskri nan yon plan:

    • Y’ap ba’w enfòmasyon apwopo de plan ki disponib nan rejyon’w lan.
    • Non plan an yo pral asiyen
    • Detay yo sou kòman yo fè yon chanjman plan

Ki moun ki ka enskri nan yon Swen Kontwole Medicaid (SMMC) - Pwogram Swen Alontèm?

  1. Moun Volontè:

    Kèk moun ki resevwa Medicaid pa oblije men yo kapab anwole si yo kalifye pou yon nivo swen epi tout lòt kondisyon pou anwole.

  2. Moun ki Oblije:

    Kèk moun ki resevwa Medicaid pral resevwa direksyon ki di yo ke yo oblije chwazi epi anwole nan yon plan:

    • W-ap jwen enfomasyon au sujèt de plan yo ki disponib nan zonn ou
    • Non plan an yo pral asiyen
    • Detay yo sou kòman yo fè yon chanjman plan
    • Sepandan, benefisyè obligatwa yo ka patisipe nan pwogram LTC tout ansanm nan nenpòt ki lè.
NÒT: Si ou bezwen plis enfòmasyon sou elijibilite LTC, tanpri kontakte Sant Resous Granmoun ak Enfimite lokal ou a (ADRC) nan 1-800-96-ELDER (1-800-963-5337).

Ki lè pou Anwole: Chwa Plan, Peryòd pou Chanje, epi Dwa